Manno Ejèn | «Mwen te prefere gade silans»

Publié le 28 Mars 2012

225087 1774361524443 1401456178 31733113 4772387 n

 

«Mwen di silans-mwen pa silans

Silans-mwen se desans.»

(Vwa zando/La voix des mystères, Éditions Mémoire d'Encrier, 2007)

 

« Silans se chen ki mode an trèt. »

 

Apre evelman « Étonnants Voyageurs 2012 », an Ayiti a, mwen te bon vle gade silans, gade koze-mwen byen fon nan kè-mwen. Paske, pou repran Robert Berrouèt-Oriol, se : « yon literati ki sanble tètkoupe ak peyi a. »

 

Men apre yon refleksyon ak yon jenn powèt, ekriven, Thélyson Orélien, nan yon dyalòg sou rezo sosyal Facebook, sou kriz jenerasyon ki frape monn literè ayisyen an, mwen deside louvri bouch-mwen.

 

Nan sajès-li, powèt la di: «… mwen ta renmen pou tansyon an kalme paske li sanlè transfòme an kerèl ansyen ak modèn, paske gen anpil nan lajenès parèy mwen, se pa miyò yo t’ap fè. »

 

Nan rekonesans pou tou sa ansyen jenerasyon an déjà fè, powèt la ajoute : «… si mesye yo gen defo pa yo, yo itil literati Ayiti a. Mwen pa ta renmen … detwi sa nou t’ap eseye konstri depi de syèk. Tout moun gon ti defo, yon zanno kay òfèv,… anpil lòt ti jènn ta k’ap vini pipiti pirèd … »

 

Jenn powèt !

 

O ! Padon. Si mwen anplwaye mo « jenn powèt » la, se pa rapò ak pwòp laj pa-mwen. Mwen se yon senp vyewo alaretrèt. Yon zwezo k’ape kache trankilite nich-li. Sa pa genyen okenn rapò ni ak pwezi ni ak kalite lekriti. «Jenn powèt» ! Men non, pwezi pa genyen baryè. Pwezi, se koule larivyè ki touttan ape renouvle san fè distenngsyon ki gout ki te la anvan.

 

Chak jenerasyon powèt chawaye pwòp pwojè ekriti-yo oswa yon pwogram bèlteyis. Tout mouvman litrè genyen yon lit l'ape mennen, yon larèl lide l'ape defann. E, anndan yon menm jenerasyon kapab genyen divès tandans k’ape manifeste sou resepsyon èv yo, pou detèminen referans-yo, resanblans-yo ak yon lekòl, yon mouvman. Wol yon literati se ranfòse inyon lenguistik sosyete li fè pati a, se konsève epî transmèt patrimwàn kiltirèl ki nouri vivasyon pèp-li. Kifè, si yon jenerasyon pretann li genyen monopòl lapwezi nan men-li, se paske li déjà an patans pou lagonav.

 

Yon literati ki sanble tètkoupe ak peyi a

 

Kriz « Étonnants Voyageurs » a se yon revelasyon li ye, « sou eta merilan peyi a k’ape anvlimen sosyete ayisyen an depi nan fondas-li. Li se yon konsta sou yon fayit lapanse an Ayiti. E nan yon peyi, lè sektè ki sipoze reflechi a kontaminen, li pa anmezi pou pwodui yon panse ki kapab rekonsilye ni peyi a ak pitit-li, ni nasyon an ak pwòp tèt-li.

 

Yon literati pou ayiti

 

Nan atik : « Nous avons été éduqués pour détruire le projet de 1804 », Madam Roselor François montre lelit Ayiti a fòme ak yon ensten arenye pou li manje pòp pitit-li. Dapre-li, fayit sosyete ayisyen an se konsekans dirèk dirèk modèl enstriksyon yo ban-nou. Pou fini, li poze kesyon pou mande, kouman nou fè panse nou kapab chanje kichòy oubyen fè yon refòm an Ayiti kan nou pa menm konsyan vye enstriksyon nou kontinye voye piti-nou chache a pa bon.

 

Kit se klas politik, inivèsitè, sosyete sivil, palmantè, ekzekitif, ekriven, entelektyèl, elatriye, yo tout kontajye. Se enterè peyi etranje y’ape sèvi kont peyi a. Yo se pwodui pojè peyi kolonyal yo te pograme ; divize epi renye. Tankou Evens Dubois di-li : « Reflèks-yo vini nòmalman anti-Ayisyen

 

Yon panse ayisyen

 

Tout sosyete defini tèt-li nan mannyè li kòmante, li pwodui, li estoke epi li fè sikile enfòmasyon sou diskou oswa sou kalite mesay l ape pwodui sou tèt-li pou pwoteje epi ranfòse inite kiltirèl gwoup la. Sa ki vle di, devlopman yon lyen espesyal solid ant tout kouch sosyal yo, nan tradisyon-yo ki se nannan kilti a, pou li sa kontinye grandi epi vanse kontre lavni-li ak asirans. Sa ki genyen otomatikman rapò ak fondèt imajinasyon kolektif la. Pa egzanp, kouman nou kapab pale de Literati Ayisyen san nou pa genyen yon diskou sou literati nou vle pwodui a.

 

Yon Literati Ayisyen, se lè li anmezi amonize relasyon-li ak oralite a, nan sans yon atizay langaj tradisyonèl, kote fòm, koulè, sant, odè, sa ki mobil oubyen imobil, sa ki anvi ak sa ki pa anvi ape anwoule ansanm nan yon sèl ankè. Yon makonnay senbolik pou asire egzistans yon amoni sosyal. Se nan solidarite ak nan inyon kiltirèl sa a n’ape kapab sele lizaj nasyon an. Sa ki vle di, kiltive yon menm panse, nan yon menm imajinè kolektif ki pou penmèt ayisyen konnen, konprann pase-li, prezan-li epi pwojte tèt-li sou chimen pwogrè ak devlopman.

 

Literati n`ape pale la a, se jenès la k’ape boujonnen-li, paske li déjà ape pale, ekri langaj ki penmèt nou tout komike ansanm nan. Se chak jou n’ape konstate tout yon kreyativite kolektif k’ape manifeste lakay-yo, ki bezwen sèlman zouti nesesè ak mwayen pwodiksyon pou yon kreyasyon literè natifnatal ak yon piblikasyon masif nan enterè devlopman lanng ayisyen an.

 

Kidonk, malgre tou, eskandal « Étonnants Voyageurs » a, se yon siy ki pwouve pwojè sosyete kolonyal la se jouwoumou koule. Genyen yon relèv, yon jenès k’ape manifeste. Yon enstitisyon literè ayisyen k’ape pran fòm k ò-li : piblikasyon, atelye pwodiksyon, asosyasyon ekriven, revi literè, blok, sit, etid, akademi, elatriye. Alòs, tan an rive mezanmi pou nou renmèt badji a, nan men moun ki déjà ape tann-li. Ayibobo !

 

Manno Ejèn

powèt, manm Sosyete Koukouy,

chèf editorial Pawol Kreyol,

revi literè Sosyete Koukouy.

Rédigé par Parole en Archipel de Thélyson Orélien

Repost 0