Mistè teyat

Publié le 10 Décembre 2012

(Yon ti mòso nan menmwa pou finisman etid teyat nan konsèvatwa lavil Pari)  

 

 35686_404864481838_2784169_n.jpgSi yon bon jou chak grenn direktè-teyat te fè kòmkwè yo se Jezikri, yo t ap louvri bra yo bay chak grenn aktèz, chak grenn aktè, yo t ap di : « Swiv mwen ! Bliye sa w ye. Bliye sa w pa vle ye. Bliye non manman w, non papa w, siyati w. Bliye tout bagay pou w sa tounen –transfòme-  tout lòt kalte moun, pou w sa pote kwa lòt siyati, lòt reyalite lavi sou do w… »

 

Direktè-teyat sa yo t ap tou bay, san yo pa konnen, kisa ki teyat. Yo t ap bay sa, sou de chèz, nan pi bèl fason sila ki Mèteseyè nan teyat pa janmè bay.

     

Parabòl direktè-teyat sa yo ta va voye n al fè tèt nou travay pou jwenn ki premye koulè bouji ki liminen toutbon sou tèt yon sanmba. Yo ta va sove nanm fè-bèl nou. Anba gwo kout mirak, yo ta va leve-byen-vivan fòm teyat popilè a ki fin mouri nan divès peyi sou latè beni.

 

Nou ta va konprann atò : tout sa yon aktè aprann lakay manman ak papa, tou sa li aprann nan lasosyete reyini, sou ban legliz ak anba peristil, yo kab sèvi sèlman kankou yon kouch poud-boujwa ou mete sou chak bò-figi yon marabou ki te deja byen bèl depi anvan sa a.

 

Se yon ti diplis. Anyen ankò.

 

Yon aktè k ap degaje l sou yon senn-teyat sipoze voye al bwachat tout bèl konesans, tout bèl fraz grandèt ekri nan liv, tout bèl fraz resitasyon sou tablo.

 

Sou yon senn-teyat se sèl van-vid ki dwe rete anndan aktè a. Van-vid sila se li menm ki va rale mennen vini tout fòs moman an. Li desann fòs sila nan fenfon zantray aktè a. Van-vid sila rale tout fòs lavi ki nan lèzè, li rale l desann.

 

Yon aktè se tankou yon sèvitè lwa. Sèvitè a rive anba peristil san pyès anyen nan tèt li. Kit sèvitè a se avoka, enjenyè, agwonòm, politisyen, chomeko... Anvan tout bagay koumanse, li mete yon  vid chita anndan l, yon van-vid. San sa a, lespri vodou an pa fouti desann nan tèt li. Paske pa gen lwa pou enjenyè oswa pou chomeko. Tout lwa se lwa. Lwa monte chwal li jan l vle.

 

Pou teyat se menm kout baton : peristil aktè a se senn-teyat li, selebrasyon ak sekrè pou konvoke lespri yo se tèks-teyat nan tèt li. Lè sa, aktè a pa sesi-sela ankò, aktè a pa ni nèg ki pi fò lekòl la, ni nèg ki pi bèl gason an, ni nèg ki pi konn pale franse an.

 

Konn pale franse pa vle di konn fè teyat (Sa pa vle di atis nonplis). Anpil franse, anpil Kebekwa, anpil Bèlj ki maton nan pwòp lang peyi yo, yo pa konn yat nan teyat. Teyat te la depi anvan lang franse te egziste. Teyat te la depi anvan tout lang-pale te egziste. Pèp ki te viv an premye sou latè, tout te konn benyen nan basen teyat la, depi anvan yo te melanje kò yo ak lot pèp, depi anvan lòt pèp te vin debake sou tè pa yo, pou fòse yo sèvi ak yon lòt kilti, ak yon lòt lang. Genyen moun ki va di teyat premye pèp sa yo te konn fè an se pa menm teyat n ap fè jounen jodi a. Mwen pa p batay! Sèlman m ap di: sa yo te konn fè an se te teyat. Bon jan teyat ki rele teyat. Teyat ki pa rete ak teyat.

 

Bon jan aktè a se sila ki rive fè mistè teyat la djayi nan tèt li menm jan mistè ginen yo konn djayi nan tèt yon hounsi-kanzo.

 

Bèl konesans pa fouti leve eskranp figi yon kreyasyon atistik. Sa pa sifi okenn. Teyat pa lasyans!

 

Bon jan aktè a, lè li gen yon pyès-teyat ekri sou papye douvan zye l, li sipoze sèvi ak fòs lanati ki sou li an pou li kase chenn moun-save lotè a. Lotè ki ekri pyès teyat, kont-chante, pwezi…panko janm lotè toutotan okenn bon dizè, okenn bon komedyen, bon sanmba-mizik pa voye ekriti li yo monte tankou tout bèl pale, tout bèl chante anfas yon gwoup moun. Tout literati ki dodomeya anndan liv se literati zonbi.

 

Kidonk, aktè-teyat ak sanmba se yo menm ki fè literati goute sèl, se yo menm ki bay ekriti moun-save lavi.

 

Se pi gwo erè aktè-teyat te ka fè lè yo kite latranblad pran yo douvan ekriti gwo zotobre-literati mete chita sou fèy papye; jouk yo rive pèdi pwòp konprann yo, pwòp foli yo, pwòp gade, santi, manyen yo, douvan ekriti sila.

 

Se pi gwo erè tou deseri de gwo lotè toujou fè, lè yo kanpe an kwa, lè yo rele pinga sou aktè ak direktè-teyat ki vin pwoche travay literati yo.

 

Aba tout lotè ki mande pou ekriti yo soti jan yo vle li an (Jan y ap tann li an) sou yon senn-teyat. Yo se lotè kolon!

 

Yon atis-teyat se tankou yon jwè-foutbòl ki gen yon balon nan pye l. L ap Mennen balon li jan pou l mennen l nan kan lòt ekip la. Pyès mak-fabrik balon foutbòl pa fouti di l men kouman pou li woule balon sila.

 

Dènye esperyans-teyat mwen fè avèk yon direktè pyès-teyat ki soti nan peyi Dayiti te voye m al reflechi sou sa atis-teyat dwe chache toutbon lè yo deside fè teyat. Mwen te vin konprann byen vit gen anpil atis-espektak ki panko lib-e-libè vre pou yo ta fè yon teyat ki rele yo chèmèt chèmètrès. Oswa yon kreyasyon atistik ki pou ta janbe lanmè pou rive jwenn lòt pèp, lòt nasyon.

Tout jan se te yon esperyans malouk!

 

San mwen pa pè di sa: lè lakoloni makonnen zo sèvèl yon nonm jouk nan kiltirèl, jouk nan atistik, nonm sila pa fouti rive donnen yon Bòb Male, li pa fouti rive donnen yon Ti Manno, yon Velo wa ka (gwo tambourinè peyi Gwadloup), yon Eme Sezè, yon Feliks Moriso Lewa, Yon Lobo Dyabavadra….Yon nèg lib !

 

Menm si se sa nonm sila ap chache. Donmaj li donmaje !

 

Se gwo donmaj !

 

Moun sa yo mwen sot site pi wo a, yo te demele yo kou mèt Jan-Jak pou pote vini kreyasyon atistik granmoun ! Yo te respekte tout lòt pèp, tout lòt kilti. Men yo pa t restavèk pyès lòt pèp, pyès lòt kilti. Pyès lòt pèp, pyès lòt kilti pa t fouti ba yo barikad lè pou yo te deplòtonnen met deyò kalte-moun yo te ye a. Se sa yon atis. Atistik se libète !

     

“Yo fè, yo fè, yo voye ban nou. An nou fè voye ba yo tou”.- Koupe Klouwe

 

Menm jan ak nèg lib mwen sot pale de yo talè a, yon bon grenn atis dwe travay pou pote vini yon zouti atistik tou nèf pou epòk li an ki va sèvi tou pou lòt epòk k ap vini yo. Li fèt pou kreye yon zouti atistik ki pi fò pase pwòp tèt li. Yon zouti ki sonnen pi byen pase non li ak siyati li. Se misyon li sou latè. Li pa genyen lòt ankò.

 

Pou sa pi byen konnen kisa yon atis-teyat ta dwe ap chache lè li deside fè teyat, fòk n al dèyè konnen kisa yon piblik-teyat ap chache lè li deside al gad teyat.

 

Lè yon piblik fè deplasman, li peye plas-teyat li, li chita san bri san kont. Kisa li vin wè ?

Piblik lan pa vin wè moun k ap pale franse. Li pa vin wè moun ki fò nan woule « R » anba ti gòjèt. Li pa vin wè moun k ap « fè teyat ».

 

Li pa vin wè lavi nonplis. M ap di non non e non ! Li pa vin wè lareyalite.

 

Piblik lan vin wè yon fòs, yon bagay ki pi fò pase lavi. Li vin wè lavi yon lòt jan. Li vin pran sant pafen yon lareyalite ki pa chita anndan lareyalite toutbon an. Yon pafen ki soti anndan yon lòt pafen. Piblik lan vin wè bon nanm li k ap fofile monte kite lavi atè. Dèyè nèt!

 

Nan yon sal-teyat, moun yo vin bay menm kout-zye yo te bay, yon jou konsa, nan tan timoun-piti yo.Yo vin wete nan men atis la premye gout dlo ranplisay basen lavi yo.

 

 

Manno Vilsen (Emmanuel Vilsaint)

Lavil Pari, 2012

Rédigé par Parole en Archipel par Thélyson Orélien

Repost 0