"Pwent tete soley" le dernier livre de Lokandya FENELON

Publié le 10 Avril 2011

"Pwent tete soley" le dernier livre de Lokandya FENELON,
page de couverture, edition Educavision, Fort-Lauderdale, Floride.
.

Youn nan tematik ki jalonnen tout listwa literati ayisènn an, se keksyon lanmò a. Se yon tèm ki prezan tout-bon-vre nan fabrik lavi nou, opwen li siprann nou detanzantan ak yon fòm diferan, ak ou rapidite enkwayab, lè se pa ak van siklòn pou bwote nou ale osnon ak dlo dechennen larivyè pou nòye nou anseri, se ak sekous tranbleman-d-tè li atake nou, pou l sa antere nou sou-le-chan. Lanmò vlope kò li nan twal veki nou. Li sitèlman prezan akote nou, otè nou yo miltipliye diferan vizaj li yo nan zèv yo. Tèm lanmò a, fòk nou pa bliye, se li ki te ajoute nan richès san parèy nou jwenn nan « Les dix hommes noirs » Edzer Vilaire a. Yon zèv ki make yon pwen enpòtan sou tablo bèl literati nou an.

 

Nan powèm istorik sa a, Vilaire te filtre tematik lanmò a nan yon optik filozofik pou l montre, klè kou dlo kòk, desten yon jenerasyon ki gen pou l ale tonbe nan labim letan. Nan tèks sila a, lanmò te jwe yon wòl senbolik, pou reprezante yon fotokopi dezas ki t ap tann nasyon ayisyènn an nan youn nan kalfou destine li. Epi, lè nou sonje Vilaire te yon pastè pwotestan tou, nou pa etone dekouvri, dèyè tèm lanmò li a, yon rapèl lafen lavi a, nan yon pèspektiv biblik natirèlman.


Men, lakay jènn otè tankou Fénelon, tèm lanmò a mete aspè senbolik nou soti mansyone a akote. Se kòm si dezas Vilaire te predi a rive sou nou. Li lan mitan nou. Se ladan l nou ye ! Se kòmsi, depi plis pase yon demi-syèk, se nan labirent yon kokennchenn katastròf n ap evolye, nan yon egzistans lavi/lanmò, sètadi, yon egzistans ki benyen nan mwatye lavi ak nan mwatye lanmò, si byen, lè n ap soti lakay nou nan maten, nou pa janm konnen si n ap tounen anvi, lè solèy la finn tonbe. Se poutèt sa nou di se nan espas dezas Vilaire a n ap siviv, ladan li n ap soufri, ladan li n ap koud listwa peyi nou an, epi ladan li tou nou genyen pou nou fini pa mouri. Nan espas sa a, le-pli-souvan, se prezans kadav nou ki aprann tout moun (fanmi kou zanmi nou), nouvèl lanmò nou.

 

Tout lanmò pran lari

 

chak jou ki tanmen se yon dèy simityè

 

Se nan espas katastwòf istorik sa a, zòt gen dwa pèmèt li antipile kadav nou youn sou lòt,  tipil kadav sou tipil kadav, anvan y ale lage nou, pa panyen, nan yon kantite fòs kominn tankou Ti-Tanyen. Kadav yo lè sa a pa gen okenn lyen youn ak lòt, okenn referans k ekri nan pyès dokiman, se kadav yo ye, pwen-ba !

 

tout sèkèy pran lari

van chanje kadans

solèy mouri nan fwon mwen

larivyè debòde sou lanmè

nanm lanmè pati

manmb latè febli

Wòch pote nouvèl bay tonbo

yon disip file

jou lanmò mwen

tout simityè ap pran lari 

 

Lanmò nan tèks “ Pwent tete solèy ” Fénélon an, s’on lanmò toutouni, san pyès idantite, san libera ni lantèman, se yon fen total/kapital,  kòm si, anfèt, kadav nou pa te janm yon kò (lè nou te swadizan anvi), kadav nou pa gen lyezon ak ansyen kò nou, ki yè ankò, t ap franchi tan-byen-k-mal wout yon legzistans.

 

Men, akote tematik lanmò sa a, fòk nou di nan prezantasyon nou an, san nou pa kache men nou, Fenelon se yon boujon k ap deplwaye talan li yo nan yon pwojè powetik ki makonnen ak anpil pwomès, yon jènn ekriven ki chaje kouleba ak talan, epi ki, si l kontinye, gen pou li rive lwen nan lorizon literati a. Se talan wololoy sa a ki pèmèt otè a metrize tematik lanmò a si byen. M ap envite nou li kèk lòt mòso nan pwezi k ap reyonnen nan « Pwent tete solèy » la :

 

chak bò lari Pòtòprens

nou kase randevou ak souf nou

nou kase randevou ak lanmou

nou kase randevou ak lanmò

 

Nan 4 vè sa a yo, nou kapab retrase trajektwa lavi powèt la. Nou jwenn lanmou ki se youn nan aliman motè dezirad yon moun, men nou jwenn lanmò  ankò, lanmò ki se pwen final tèks lavi a. Se nan vè sa a yo nou dekouvri otè a te kase randevou ak souf powetik li tou, souf ki envite (Noumenm lektè yo) penetre nan lespas lekriti otè a.

 

Sanbilite w kite kè w pran lari

pye bwa fè jalouzi pou ou

ou se flè ki pouse nan pla men m

ou se chans lavi fè m kado

 

latè bave sou mwen

solèy krache sou mwen

bò kote w

nou se kòkòt ak figawo

nan mouchwa tan-an

kòtakòt n ap flote

n ap koupe lavi kout je

nap koupe fache ak lavi

 

n ap koupe lavi nèt al kole

 

Powèm sa a ale pran souf li nan mitan lari lavi a. Powèt la gen yon demwazèl nan tèt li, men tou, panse li al chache referans nan pye bwa, nan reyon solèy, nan tiflè sou pwent branch. Kò demwazèl la mele ak peyizay veki powèt la. Nan tèks la, li tounen yon vil, yon fòm abstrè, yon espas chaje ak tikay anba lonbraj li : demwazèl la s’on vil powèt la renmen anpil. Tande :

 

Lari ban m do

m gade Pòtòprens k ap pase

nan yon tibout fanm byen won

nan yon talonkikit miwomiba

depi jou sila a

se andedan tibout fanm byen won sa a

m anvi abite

 

Pi lwen nan « Pwent tete Solèy », lanmou powèt la kontinye mele kò demwazèl la ak peyizaj kote l ap sikile a, jouk li entwodui li andedan powèm nan, kote li parèt tankou yon rèv, pandan l ap simaye frechè pou plezirad powèt la :

 

Ou se fanm

ou se fanm ki fè lari mache

ou se fanm m anvi renmen

m anvi reve ou toutouni k ap mache nan powèm mwen

m anvi santi frechè pye w sou kò mwen

 

Lanmou otè a se pou yon fanm e fanm nan se yon peyi. Lanmou s’on chan tematik kote pasyon otè a soti sou yon sijè li renmen, pou l ale poze sou yon lòt, epi sou you lòt pidevan apresa. Tout sijè pasyon sa a yo, se yo ki konstitye chan tematik lanmou powèt la.

 

Nan pwezi Fénélon an, Fanm nan s’on Branch ak ou flè sou pwent tete li, flè a se yon zwazo ki ap chante: chante a s’on sijè k ap devlope kò li nan panse otè a.  

  

M swete lektè Pwent tete solèy yo va jwi menm jan avè mwen nan kouran lekti rekèy la. Se yon bèl jèfò ki mande apresyasyon nou, sitou otè a fè pati kouran jènn ekriven k ap bati yon bèl letajè literè pou ekspoze zèv yo nan chan literati ayisyènn an.

 

 

Josaphat-Robert Large

Nou Yòk, oktòb 2010

Rédigé par Parole en Archipel

Repost 0